Obektif legliz sa a se bay Bondye glwa epi ankouraje moun vi'n mete lafwa yo nan Kris. Nan Matye 28:18-20 Jezi di se pou nou fè disip, batize yo epi montre yo kijan pou yo obeyi. Se sak fè nou dwe grandi ansanm antanke manm fanmiy Bondye a. Nou dwe aprann obeyi li e kite li ranpli nou ak pouvwa li.
Pa pran egzanp sou moun ki pran abitid pa vin nan reyinyon nou yo. Okontrè, se pou yonn ankouraje lòt fè sa, koulye a pi plis pase anvan, paske nou wè jou Seyè a ap pwoche. (Ebre 10:25)
Jezi di nan Matye 11:28: "Vini jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, m'a soulaje nou."